2013 – Winter LUC

Image

Mwen se Winter Luc.  Mwen se yon  ajan sosyal. Mwen gen eksperyans nan domèn sa yo: sanzibilizasyon ak mobilizasyon kominotè, mwen travay nan plizyè gwoup ak enstitisyon kominotè.  Mwen se Benefisyè Pwogram PROJECT HOPE ART depi nan lane 2010 ak timoun nan lekòl kominotè ke mwen te kreye nan zòn Cité Soleil (Bwa Nèf) depi nan  ane 2007.  Epi Mwen se Kòdonatè tou RAJEPRE, yon òganizayon kominotè Ayisyèn.

482993_10151190025761195_294847244_n

Depi entegrasyon nou jiska ane  2013 la, nou te fè anpil anpil aktivite ak Pwojè tankou:

–          Anpil aktivite Art (Desen, Koloryaj ak kreyativite ak timoun lekol RAJEPRE yo)

–          Anpil aktivite lekti ak bèl istwa mèveye ak inovativ

–          Aktivite sansibilizasyon ak plantasyon Benzolive (Moringa)

–          Selebrasyon twazyèm anivèsè tranbleman tè douz Janvye a:  (eskilti)

–          Patisipasyon timoun RAJEPRE nan kals fotografi

–          Patispasyon timoun RAJEPRE nan klas Anglè

–          Akizisyon materyèl pou itilizasyon teknoloji ak medya sosyal (Laptop, Iphone)

Aktivite nou prevwa fè pou ane 2014 la

–          Pwojè klas Jaden pou 8 mwa nan Haiti Communitere

–          Elvaj ak gatinaj lapen

–          Elvaj Pwason

–          Aktivite atistik ak kanaval: Let there be  Light

–          Eksperimantasyon ak miz anplas yon jaden lavil ak ti pepinyè nan HC

–          Gradyasyon pou klas anglè ak fotografi

–          Ak anpil lòt aktivite ak inivativ (Klas Mizik)

Image