2013 – Fanel DUCE

Image

Mwen rele Fanel DUCE ! Mwen fe pati gwoup atis rezitans .Sa gen deja 10 mwa depi kek koleg ki andan ati Rezistans te  refere mwen ak Project Hope Art . Mimi san prantan te asepte ke mwen ofri sevis mwen ak Prorject Hope Art, ke mwen  konsidere kom yon oganizasyon k’ap fe yon travay inpotan nan sosyete Ayisyenn nan.

Pou Ane 2013 la, mwen te reyalize kek travay ak Project Hope Art. Tankou : Can race,  an kolaborasyon avek menm koleg sa yo. Nou te fe fomasyon pou timoun yo, sou reyalizasyon  Machine a mamit . Mwen gen proje klas angle pou ti fi k’ap mache e ki pwal rantre nan gradyasyon pou komansman 2014 la.

Image

Pou ane 2014 la mwe gen pou mwen fe gradyasyon pou klas fotografi ak klas angle pou timoun yo. Mwen konte patisipe  nan proje klas janden Luc winter a, pou yon kou desen. Epi mwen kom proje refe yon lot klas angle  kap gen ni ti fi ,ni gason jis pou plis timoun benefisye.mwen gen kek lot proje anko ,mwen jis ap pran yon tan pou reflechi e we nan ki pwen pou reyalize yo ak Projet HOPE Art.

Image

Image