Bwat Aluminyom | A Project by Fanel Duce

Can Race

1: Pou reyalize yon timachin avèk meteryèl resikle, men ki tip de materiel nou itilize nan atis Rezistans.

Materyèl sa yo nou itilize pou nou kapab fe ti machine yo gen anpil ladan yo ke nou jwenn nan la rue, e genyen ladan yo tou se achte nou achte yo. Mamit nou itilize yo se penti pou douko ki te genyen ladan yo, apre yo fin pran penti ki nan mamit yo, yo jete yo nan la rue epi nou pran yo pou nou kapab fe ti machine yo.

Print-48_9094608528_l

Premye travay nou fe nan mamit lan, nou retire papye ki kouvwi mamit la pou nou kapab jwenn plis fasilite pou nou fe tout sa nou genyen pou nou fe nan nan mamit la.

mamit lan. apre sa nap ouvwe mamit lan, nap bap li ak yon mato pou li kapab vin plat tankou yon fèy tol.

Pati sa se lè mou fin byen plati matit la, kounye a nou pwal trase model machin nou vle fè a, e le ou vin trase model machin nan wap pran yon sizo pou kapab koupe li.

Nan pati foto sa yo nou pwal moutre ou kijan pou fe do machin nan! Le ou fin trase de bo machin nan, kounye a wap pran yon lot fey tol pou kapab trase do machine, ou dwe trase vit devan machin nan ak vit deye machine nan. Le ou fin trase li wap koupe pati ou trase yo pou kapab resoti pati vit la.

Print-26_9094613996_l

Print_Trix_1_9094621650_l

le ou fin retire pati vit yo, ou dwe bay tol la fom model machin ke ou te trase a.
apre ou fin trase de bo machin nan, avek do machin nan. Ou pral kole yo ansanm pou kapab kadre machine nan.

le ou fin kadre machine nan, kounye a ou gen pou travay anba machine nan, le mwen di anba machine nan mwen vle pale de reso ak kawotyou machine nan.

Pou kapab fe reso machine nou itilize yon ti fe plat, ti fe plat sa se avek li yo konn klanmse bwat pèpè yo.

Print-33_9092396589_l

1: wap koupe fe a ak yon mezi ki pa dwe depase machine nan

2: apre wap kloure li nan moso blanch lan

3: nou dwe itilize fe sèso ou byen fil alegati ki di pou kapab pase nan reso a pou ka genbe kawotyou yo.

Pou nou fe kawotyou machine nan, nou itilize yon ti boutèy plastik.

Print-31_9094619524_l

Prmyeman nou koupe li, nou pran de bouda a, nou kole 2 bouda yo ansanm pou li kapab vin pi dyanm.

Can Race: Apre tout demach sa yo, men rezilta can race la.