Can Race

Can Race

1:Pou reyalize yon timachin avèk meteryèl resikle, men ki tip de materiel nou itilize nan atis Rezistans.

Materyèl sa yo nou itilize pou nou kapab fe ti machine yo gen anpil ladan yo ke nou jwenn nan la rue, e genyen ladan yo tou se achte nou achte yo.  Mamit nou itilize yo se penti pou douko ki te genyen ladan yo, apre yo fin pran penti ki nan mamit yo, yo jete yo nan la rue epi nou pran yo pou nou kapab fe ti machine yo.

3 1 2

Premye travay nou fe nan mamit lan, nou retire papye ki kouvwi mamit la pou nou kapab jwenn plis fasilite pou nou fe tout sa nou genyen pou nou fe nan nan mamit la.

mamit lan. apre sa nap ouvwe mamit lan, nap bap li ak yon mato pou li kapab vin plat tankou yon fèy tol.

3 4 5 6

Pati sa se lè mou fin byen plati matit la, kounye a nou pwal trase model machin nou vle fè a, e le ou vin trase model machin nan wap pran yon sizo pou kapab koupe li. 

6 6a 6b

Nan pati foto sa yo nou pwal moutre ou kijan pou fe do machin nan! Le ou fin trase de bo machin nan, kounye a wap pran yon lot fey tol pou kapab trase do machine, ou dwe trase vit devan machin  nan ak vit deye machine nan. Le ou fin trase li wap koupe pati ou trase yo  pou kapab resoti  pati vit la.

7a 7b 8a 8b 7c 

le ou fin retire pati vit yo, ou dwe bay tol la fom model machin ke ou te  trase a.

                                                                                                       

 8b 7c

apre ou fin trase de bo machin nan, avek do machin nan. Ou pral kole yo ansanm pou kapab kadre machine nan.

8c 9 9a 9b

le ou fin kadre machine nan, kounye a ou gen pou travay anba machine nan, le mwen di anba machine nan mwen vle pale de reso ak kawotyou machine nan. 

Pou kapab fe reso machine nou itilize yon ti fe plat, ti fe plat sa se avek li yo konn klanmse bwat pèpè yo.

1: wap koupe fe a ak yon mezi ki pa dwe depase machine nan

2: apre wap kloure li nan moso blanch lan

3: nou dwe itilize fe sèso ou byen fil alegati ki di pou kapab pase nan reso a pou ka genbe kawotyou yo.

10 10a 10b 11a 11b

Pou nou fe kawotyou machine  nan, nou itilize yon ti boutèy plastik.

Prmyeman nou koupe li, nou pran de bouda a, nou kole 2 bouda yo  ansanm pou li kapab vin pi dyanm.12 12a 12b 12c

Can Race

 

Apre tout demach sa yo, men rezilta can race la.

12g 13 13a 12d 12f